United Way of Broward County’s Commission on Behavioral Health & Drug Prevention
Opyòd ap pouse yon epidemi adiksyon epi lanmò menm jan ak ewoyin ak medikaman doktè preskri pou doulè, sibstans sa yo lakòz lanmò ak lòt konsekans grav nan Broward County epi toupatou nan peyi a.
Valè moun k ap mouri a chokan. An 2017, gen 984 ka lanmò ki te gen rapò ak opyòd nan Broward County. Karannsenk pousan moun yo entène pou tretman adiksyon ki an rapò ak dwòg (alkòl pa ladan) se te pou ewoyin oubyen pou opyòd doktè preskri moun. Nan ane ki sot pase a, gen apeprè 57,000 moun ki gen 12 an oswa plis pase sa ki rete nan Broward County ki fè konnen yo sèvi ak medikaman kont doulè san se pa pou rezon medikal. Gen apeprè 10,000 elèv lekòl entèmedyè ak lekòl segondè ki fè konnen yo pran yon medikaman doktè abitye preskri pou doulè san yo pa t gen yon preskripsyon. Epi gen 2,523 etidyan lekòl segondè ki fè konnen yo deja pran ewoyin.
Anpil fwa adiksyon an kòmanse apre yon doktè preskri yon moun yon medikaman oswa yon opyòd kont doulè pou yon frakti. Jan opyòd mache se lè yo estimile reseptè opyòd ki nan sèvo a ki kab kalme doulè. Nenpòt moun gen dwa vin adikte a yon medikaman yo pran pou doulè depi yo fè 7 jou ap pran medikaman an. Lè yon moun adikte a opyòd oubyen yo sèvi ak opyòd se yon kondisyon medikal ki serye. Se yon maladi sèvo kwonik, ki kab retounen ankò epi sentòm yo se kapab yon moun ki toujou ap chèche pran dwòg epi ki toujou ap sèvi ak dwòg, menm lè dwòg la met lavi moun nan an danje. Yo konsidere sa kòm yon maladi mantal paske dwòg chanje jan sèvo a bati epi jan sèvo a mache. Dapre rechèch ki fèt, medikaman yo vann san preskripsyon gen dwa mache pi byen pou trete gwo doulè.
Timoun ki resevwa fòmasyon bonè epi souvan sou jan medikaman kapab yon danje, timoun sa yo, se yo ki kab pi vit pa gen adiksyon pase timoun ki pa resevwa fòmasyon sa yo lakay yo. Men konvèsasyon sa yo pa fasil.
Pesonn pa ta vle vin adikte lè yo vin gran
Anpil jèn moun ak anpil granmoun panse si yon dwòg se yon medikaman li ye ou gen dwa pran li san poblèm kèlkeswa jan ou sèvi avè li. Sa yo panse a se pa sa. An reyalite, 80 pou san moun ki sèvi ak ewoyin te kòmanse pran li ak yon preskripsyon legal.
Dapre done ki soti nan kèk sondaj yo te fè ak jèn moun yo dekouvri kèk tijènjan ak ti jènfi sèvi mal ak medikaman se pa pou yo soule tèt yo oubyen pou yo pran plezi yo tou senpleman. Anpil ladan yo sèvi ak medikaman yo preskri yo mal pou met kontwòl nan lavi yo, pou yo reflechi sou lòt bagay, oubyen pou yo fè fas ak presyon epi ak estrès. Gen kèk jèn ki sèvi twòp ak medikaman pou doulè nan wikenn pou soule tèt yo, gen kèk lòt k ap sèvi ak medikaman sa yo pou yo pa dòmi oubyen pou yo kab etidye pou pi lontan. Gen kèk lòt jèn ki kab ap fè esperyans ak medikaman moun pran pou depresyon oubyen yo kab chèche medikaman moun konn pran kont depresyon. Malgre sa, 95% paran kwè pitit yo pa janm pran medikaman doktè preskri san se pa pou rezon doktèa preskri yo medikaman an.
Èske gen posiblite pou swa ou menm swa pitit ou ta rante nan koze kon sa?
Fò tout paran konnen jèn moun doktè preskri yo opyòd nan pozisyon pou yo sèvi ak opyòd mal. Si yon timoun gen yon preskripsyon pou medikaman opyòd, tcheke boutèy la tanzantan pou wè si pitit la ap pran dòz li dwe pran an. Veye pou wè si pitit la pa mande pou yo ba l yon lòt preskripsyon sou pretèks li swa “pèdi” boutèy medikaman an oubyen grenn yo “tonbe” nan lavabo a. Ti jennjan ak ti jennfi ki fè zanmi ak lòt jèn ki abitye pran dwòg yo kab tonbe nan pran dwòg tou, sa posib tou pou jèn ki rete nan fanmi kote yo pran dwòg anpil oubyen kote yo sèvi mal ak medikaman.
Pa tounen yon moun k ap vann dwòg pa aksidan
Meyè fason pou konbat epidemi dwòg la se nan poze doktè ou kesyon epi mande l nan ki pwen ou an danje vin adikte a medikaman sa yo; ki dòz ou kap pran ki pi ba epi ki ka bay pi bon rannman; pou konbyen tan ou kab pran medikaman sa a; epi ki plan ou genyen pou w diminye dòz la jiskaske ou sispann. Lè w pale ak doktè a, sa ap fè li ekri mwens preskripsyon, ap gen mwens moun k ap vin adikte, epi ap gen mwens moun k ap pran yon dòz medikaman ki depase, epi ap gen mwens medikaman soulamen pou moun pran yon dòz ki depase.
Pasyan k ap resevwa tretman poutèt yo egzajere nan jan yo sèvi ak medikaman doktè preskri, anpil fwa pasyan sa yo di se gratis moun ba yo medikaman sa yo oswa yo di se yon zanmi oubyen yon fanmi ki vann yo medikaman an. Meyè fason pou w evite pran pa nan poblèm sa a se lè ou mete medikaman doktè preskri w nan yon bifèt ki sou kle, netwaye boutèy medikaman yo epi jete tout medikaman ou pa bezwen ankò,jete sa ou pa sèvi avè yo ankò, epi tou jete medikaman ki pase dat yo. Al sou Goggle epi tape “Drug drop off near me”(kote pou m al jete medikaman mwen pa itilize ankò ki pre lakay mwen) oubyen al sou sit sa a DEATakeBack.com.
Paran se #1 pami moun ki gen enfliyans sou pitit yo
Timoun ki resevwa fòmasyon bonè epi souvan sou jan medikaman kapab yon danje, timoun sa yo, se yo ki kab pi vit pa gen adiksyon pase timoun ki pa resevwa fòmasyon sa yo lakay yo. Men konvèsasyon sa yo pa fasil. Ti jennjan ak ti jennfi kab difisil pou paran boule avè yo. Sa enpòtan pou w eseye jwenn èd ak sipò, pou w pran kou ki aprann ou fè travay paran, pou w toujou ap pale avè jèn yo, pou paran koute jèn yo san paran an pa jije yo oubyen san paran an pa fache. Paran kab menm mande pedyat pou fè egzamen pou pitit yo pou wè nan ki kondisyon sante yo ye menm lè yo pa malad. Fò paran aprann kouman pou yo detekte siy ak sentòm adiksyon opyòd, se yon bagay ki kab parèt nan kò moun nan, nan jan li konpòte li, epi nan kondisyon sikolojik li. Moun ki bay swen sante dwe fè dyanostik pou adiksyon. Gen asistans ki disponib. Pou w jwenn resous pou ede w fè fas ak fason pitit ou ap pran medikaman doktè preskri san kontwòl, al sou sit sa a drugfree.org, oubyen telefone 1-855-378- 4373, oubyen voye SMS sou nimewo sa a 55753. Pou w gen plis ransèyman sou resous lokal yo; oubyen pou w pran plis ransèyman sou Nalokzòn ki se yon antidòt ki kab sove yon moun ki pran twòp opyòd, telefone nan 2-1-1 oubyen ale sou sit United Way of Broward County’s Commission on Behavioral Health
and Drug Prevention nan drugfreebroward.org