Alden Bergeron, RDN, LD/N; Manadjè Nitrisyon nan Poverello, ekri atik sa a
Nan peyi Etazini, kote ki fè reklam ak kote ki fè maketin konsantre plis sou atire timoun ak reklam pou fè yo anvi konsome pwodui y ap vann yo. Reklam espesyal nan televizyon, sou entènèt, nan lekòl, reklam anndan magazen, epi logo pou konpayi [1] tout se teknik maketin yo sèvi souvan pou fè reklam pou tout kalite manje. Maketin yo fè espesyalman pou fè jèn timoun yo chwazi ki manje pou yo manje, ki manje yo prefere, epi ki sa yo pran abitid manje jiskaske yo vin granmoun tèt yo. Malerezman, majorite manje y ap fè reklam pou yo pou ankouraje jèn yo manje yo se manje ki gen anpil kalori, ki gen sik ki rafine, ki gen sodyòm oubyen grès ki satire. Poutèt rezon sa yo, nan peyi Etazini valè timoun ki gra depase ap ogmante rapid. Obesite lakay timoun se yon bagay ki kab lakòz anpil poblèm sante tankou, timoun sa yo tounen granmoun ki obès (gra depase), ki soufri dyabèt, ki gen maladi kadyovaskilè, kigen kansè, epi ki mouri anvan lè yo.
Dapre rapò Biwo ki met kontwòl sou kesyon maladi ak prevansyon maladi ki pote non angle “Centers for Disease Control and Prevention” kesyon gra depase a plis pase double lakay timoun 2 zan a 5 an (5.0% a 12.4%) epi timoun 6an a 11an (6.5% a 17.0%); pou ti jennfi ak ti jennjan 12 an a 19 an, to rapidite a triple (5.0% a 17.6%) [2]. Sant kontwòl maladi a (CDC) defini obesite lè pwa kò yon moun twòp pou kò li, yo sèvi ak BMI pou yo detèmine sa; BMI mezire rapò an wotè yon moun ak pwa kò li pou detèmine nan ki kondisyon pwa kò li ye [3]. CDC sijere moun ki bay swen sante dwe sèvi ak to BMI la pou mezire ti jennjan ak ti jennfi ki nan laj 2 an a 20 an; met sou sa, moun ki bay swen sante dwe sèvi ak kat ki montre jan moun dwe devlope pou yo detèmine nivo BMI jèn moun[3]. CDC klase timoun ak jèn timoun kòm timoun ki twò gra si BMI yo egal oubyen plis pase 85 santil epi mwens pase 95 santil parapò a kat ki montre jan timoun grandi; CDC klase timoun ak jèn timoun kòm timoun ki gra depase si BMI yo egal oubyen plis pase 95 santil kat ki montre jan timoun grandi [3].
Kanpay maketin yo fè espesyalman pou timoun piti ak jèn yo epi jan jèn yo fè anpil tan chita, se rezon sa yo ki kab fè timoun vin gra depase. Nivo valè timoun ki gra depase koresponn ak valè tan yo fè ap gade tout kalite ekran, òdinatè, tablèt elektwonik, jwèt videyo, epi televizyon. Dapre rezilta kèk rechèch, timoun ki fè plis pase 3èdtan ap gade televizyon chak jou gen 50% chans pou yo vin twò gra oswa pou yo vin gra depase [2]. Nan pogram televizyon ki fèt pou timoun gen apeprè 50% reklam pou manje ki pa bon pou sante yo tankou, sirèt, ti goute, sereyal, ji fri, epi manje yo rele ann angle ‘fast food’ [2]. Fò gen plis efò ki fèt ak timoun pou yo kab evite afè gra depase a lakay timoun piti ak jèn timoun pandan y ap grandi jiskaske yo vin granmoun. Jèn timoun ki pa fè anpil egzèsis oubyen ki gra depase pi vit vin gen maladi kwonik tankou maladi kadyovaskilè epi yo vin fè dyabèt pi devan [4]. Gen yon etid yo fè sa pa gen lontan ki analize relasyon ant kondisyon sistèm kadyorespiratwa jennjan 16 an a 19 an ak pwa kò yo; rezilta etid sa a fè konnen jennjan ki gen yon sistèm kadyorespiratwa ki pa fin anfòm nèt sa te gen anpil pou wè ak andikap yo vin gen pi devan, yo te remake sa plis nan ka moun ki gra depase yo [4].
Tabli bon abitid manje depi nan piti se bagay ki enpòtan anpil pou evite timoun piti vin gra depase. Anpil fwa timoun manje jan paran yo manje: poutèt sa, sa enpòtan pou paran trase bon egzanp pou pitit yo manje sa ki bon pou sante yo olye pou yo manje manje konsève. Lè yo manje ak lide pou manje a travay sou sante yo sa kab fè yo evite poblèm sante pi devan. Gen yon ansyen doktè Grèk ki te rele Hipokrat ki te di pawòl selèb sa yo, “Kite manje tounen medikaman w epi medikaman w tounen manje w”. Chak moun gen chwa pou yo manje ki kab evite yo soufri maladi kwonik oubyen manje manje ki kab vin fè yo gen maladi kwonik. Lè yon moun pran abitid manje manje ki bon pou sante l depi nan piti sa va asire timoun, ti jennjan ak ti jennfi grandi pou yo vin granmoun ki an bòn sante. Apa de pran abitid manje yon fason ki bon pou sante w, sa enpòtan tou pou w fè egzèsis tanzantan pou w pa pran pwa sanzatann. Plan yo bay sou sa tout Ameriken dwe manje sijere pou timoun, ti jennjan ak ti jennfi kenbe yon balans kalori ak enèji ki bon pou sante yo pou evite yo vin gra depase [3]. Paran dwe ankouraje timoun fè egzèsis pandan 60 minit chak you pou anpeche timoun yo pran pwa yo pa bezwen. Fanmi an gen dwa fè aktivite ki enteresan ansanm, aktivite tankou, monte bisiklèt, monte mòn, naje, fè yoga, oubyen fè aktivite espòtif nan plas piblik ki pa two lwen lakay ou. Lè w tabli you woutin pou fè egzèsis chak jou sa fè pitit ou gen mwens chans pou vin gra depase. Pa bliye, manje byen epi jwe anpi!
Nan sant Poverello Center, Inc. ki nan Sid Florid la yo bay moun manje ki gen vitamin, yo bay tout kalite sèvis epi yo bay moun bagay ki nesesè pou yo viv ak anpil konpreyansyon, anpil respè epi anpil renmen pou moun k ap viv ak maladi ki grav ak maladi kwonik tankou VIH.