June 13, 2018
Health and Mental Care
News

Daprè Bob LaMendola, Afè Kominotè nan Depatman Lasante nan Broward County

 

Vaksinen yon timoun se bagay ki kab sove lavi l

Vaksinasyon se yon bagay ki tèlman an sekirite epi ki efektif ki fè se yon ponyen paran e menm doktè ki wè ka lawoujòl, malmouton, saranpyon ak anpil lòt maladi kontajye ki te parèt nan epòk 1900 yo.

“Se chak ane nou wè gwo gwo siksè medikal gras ak efò nan vaksinasyon,” daprè Dr. Paula Thaqi, Direktris Depatman Lasante nan Eta Florid la nan

(DOH-Broward). “Timoun ki an sante manke mwens jou lekòl, paran yo manke mwens jou travay.  Akoz de vaksinasyon, timoun pap mouri akoz maladi vaksen k ap evite, epi kominote nou yo pi an sekirite. Pwoteje fanmi w ak lavi moun ki ozalantou w lè w fè yo pran vaksen yo dwe pran.”

Meyè fason pou yon timoun pran vaksen se nan men doktè k ap pran swen l lan. Konpayi asirans maladi fèt pou yo pèmèt tout pran vaksen yo rekòmande pran gratis; gen doktè ki chaje pou yon konsiltasyon pou yo bay timoun nan vaksen an. Fanmi ki pa gen asirans maladi kab jwenn vaksinasyon gratis oubyen pou yon kraze kòb nan DOH-Broward la.

Eta Florid la mande pou tout elèv pran vaksen yo dwe pran avan lekòl kòmanse. Men vaksen yo rekòmande yo:

• Difteri, tetanòs, ak koklich – 4-5 dòz   DTaP pou tibebe ak timoun ki nan klas anvan matènèl. 1 yon dòz TDa-P ankò avan setyèm ane primè.

• Polyo – 3-5 dòz pou tibebe ak timoun ki nan klas anvan matènèl.

• Lawoujòl, malmouton, ribeyòl (Lawoujòl Alman) – 2 dòz MMR pou tibebe epi pou timoun ki nan klas anvan matènèl.

• Saranpyon – 2 dòz pou tibebe ak timoun ki nan klas anvan matènèl. Yon lòt dòz avan timoun nan rive nan setyèm ane primè. Pou granmoun, saranpyon kon reparèt ankò pou lakoz sa yo rele zona.

• Epatit B – 3 dòz pou tibebe.

Lòt vaksen yo pa rekòmande pou lekòl men ki enpòtan toujou pou pwòp pwoteksyon moun:

• Vaksen anyèl kont grip – Kòmanse depi si mwa daj.

• Wotaviris la – 3 dòz pou tibebe.

• Emofilis enfliyenza tip B – 3-4 dòz pou tibebe.

• Maladi nemoni yo – 4 dòz pou tibebe.

• Epatit A – 2 dòz pou tibebe.

Vaksen HPV a pwoteje timoun kont kansè.

Si te gen yon vaksen ki poteje timoun kont kansè èske ou pa ta ba yo l? Enben, gen youn.

Vaksen HPV a evite moun gen maladi viris papiyoma a lakoz. Se yon viris ki lakoz 13,000 ka kansè nan matris la (1,000 an Florid) epi li tiye 4,200 fi. Kit nan fi kit nan gason, HPV lakòz kansè nan ti pati moun, kòn nan ti pati w, kansè nan bouch ak lòt maladi ankò.

Sant pou Kontwole Maladi (CDC) ak Prevansyon Maladi rekòmande vaksen HPV a pou tout ti gason ak ti fi ki gen laj 11 an rive 26 zan, men yo ka bay vaksen sa a depi a 9 an. DOH-Broward ankouraje paran pou yo fè tout timoun yo pran vaksen HPV a. To vaksinasyon pou HPV a ba nan Sid Florid epi nan Eta a, men to a ap ogmante.

“Nou panse pi gwo poblèm nan se yon kesyon edikasyon,” se sa Thaqi di:

“Paran yo gen dwa pa familye ak vaksen an epi y ap ezite. N ap fè tout paran konnen vaksen an kab evite kansè.

Vaksen HPV a se yon vaksen timoun nan kapab pran nan de (2) dòz olye de twa – si premye dòz la se yon dòz timoun nan pran a 5 an, dezyèm dòz la li kab pran l ant 6-12 mwa. Si se pa kon sa li te pran yo, l ap oblije pran 3 dòz.

Vaksen kon menejit la se yon vaksen yo rekòmande tou kòmanse a laj 11 an. Vaksen sa a evite timoun gen menejit, se yon maladi ki kab touye timoun.

Asirans maladi kouvri toulède vaksen sa yo gratis. Moun ki pa gen asirans maladi kapab jwenn yo gratis nan DOH-Broward.

Mastik pou ti dan kont kari ak enfeksyon

Se yon podui ki poteje dan tankou penti epi yo pase l tankou penti, men nan bouch timoun, li pa gen koulè, li pa gen gou, epi li pa fè mal.

Mastik pou dan se plastik pou kouvri dan Ijenis mobil ki sot nan DOH-Broward yo te mete sou dan dèyè plizyè mil timoun – gratis - sa fè pati yon pwogram sante ki te kòmanse nan lekòl Broward yo depi ann avril 2016.

“Pwogram mastik nou an ki la pou elèv lekòl se yon pwogram ki ap      amelyore sante bouch timoun epi anpeche timoun pèdi jou lekòl akoz de mal dan,” Se sa Dr. Thaqi di: “Se yon fason pou nou kenbe timoun yo an sante nan Broward.”

Yo pa mete mastik la sou dan ase timoun.  CDC ak Asosiyasyon Dantis Ameriken an  mande tout dantis pou yo ofri timoun yo plis pwoteksyon, men gen mwens pase mwatye nan yo ki fè sa. Anvan pwogram DOH-Broward

la te kòmanse, timoun ki soti nan diferan fanmi ki pa gen asirans pou dan ouswa ki gen yon ti asirans pou sa pat gen twòp chans jwenn mastik la.

Ijenis yo konsilte 30,000 timoun nan 134 lekòl primè ak Lekòl Klas Mwayèn Tit 1 jiskaprezan.  Yo egzaminen dan chak timoun, yo fè netwayaj, yo rense bouch yo ak fliyorid, yo ba yo bwòsadan gratis epi yo fè yon kou endividyèl pou yo sou bwose dan epi sèvi ak fil pou dan. Gen plis pase 800 timoun ki te bezwen plis swen pou dan yo, yo voye yo al kay dantis pa yo oubyen nan pwogram swen dantè ki gratis oubyen ki a bon mache nan DOH-Broward.

Pandan vizit yo nan ane eskolè a, Ijenis yo egzaminen nenpòt timoun ki resevwa pèmisyon paran yo oubyen nan men moun ki reskonsab yo.

 

Pou plis enfòmasyon sou sijè sa a al sou sit sa a: http://broward.floridahealth.gov oubyen telefone 954-467-4705. Orè pou vaksinen timoun: www.cdc.gov/vaccines/schedules/index.html

Share this post

Kèk praktijk ki pou kenbe w an sante

Learn More About CSC Broward

Accessibility Statement

Our organization provides leadership, advocacy, and resources to enhance the lives of the children of Broward County and empower them to become responsible, productive adults.

Stay Connected