Se Kalynn Hall, M.S. & Sylvia Collazo, M.Ed., tou de kandida pou yon doktora nan Inivèsite Atlantik an Florid( Florida Atlantic University) ki ekri atik sa a.
Lè w gen yon timoun piti sa vle gen anpil kè kontan nan kouri dèyè timoun nan kay la. Gen batay ki san fen pou w fè l manje. Gen “fè fèt” tou lè l resi konn kouman pou l itilize twalèt la. Epi w pa janm sispann reponn kesyon tankou Pou ki sa? Men tou, kèk fwa timoun piti pa fè kèk nan bagay nou panse yo ta dwe ap fè yo oubyen yo yon jan diferan de lòt timoun ki nan laj yo. Se yon bagay ki kab difisil pou w konnen si se yon bagay ki ta dwe enkyete w si w pa konn ki sa pou w atann. Kèk fwa se pa yon bagay grav, men kèk fwa se kab yon siy ki fè konnen li gen yon reta nan devlopman l.
Ki sa yon reta nan devlopman ye?
Yon reta nan devlopman se lè timoun nan pa rive nan yon etap ki enpòtan nan devlopman l menm lè ak lòt timoun laj li. Si w wè pitit ou a ap pèdi ladrès li te deja genyen oubyen si ou wè l gen youn nan mòd konpòtman ki make pi ba yo, se posib pitit ou kab gen yon reta nan devlopman li.
TMOUN ENNAN
• Li pa rale
• Li pa kab kanpe lè w kenbe men l
• Li fouye pou chache bagay li wè sere
• Li pa di mo tankou “manman” oubyen “papa”
• Li aprann fè jès tankou fè siy ak men li, oswa souke tèt li oswa lonje dwèt li sou kèk bagay.
TIMOUN DEZAN
• Li pa fè pwopozisyon tankou: “Bwè lèt”
• Li pa konn ki sa pou l fè ak bagay òdinè tankou yon bwòs, yon telefòn, yon fouchèt, oswa yon kiyè.
• Li pa kab fè mouvman ou fè oubyen repete sa w di.
• Li pa fè bagay senp ou di l fè.
• Li pa gen balans lè l ap mache.
TIMOUN TWA ZAN
• Li tonbe fasil oubyen li gen pwoblèm monte mach eskalye
• Li bave souvan oswa li pa pale klè.
• Can’t work simple toys (tankou tablo ak pens, ti jed pasyans, vire manch pòt)
• Li pa fòme fraz
• Li pa konprann bagay senp ou di
l fè
• Li pa kab fè jwèt pou l fè kòm si
l ap fè yon bagay an jwèt
• Li pa vle jwe ak lòt timoun ni jwe ak jwèt
• Li pa gade moun nan je
TIMOUN KATRAN
• Li pa kab sote an plas
• Li gen pwoblèm pou li fè majigridi
• Li pa enterese nan jwèt ki mande pou moun pran kontak ak moun oubyen pou moun fè kòm si y ap fè yon bagay
• Li vag lòt timoun oubyen li pa annafè ak moun ki pa nan fanmi li
• Li reziste abiye, dòmi, epi al nan twalèt
• Li pa kab rankonte istwa li renmen an
• Li pa suiv lòd ki gen twa enstriksyon diferan ladann
• Li pa konprann sa ki “menm” ak sa ki “diferan”
• Li pa sèvi ak mo tankou “mwen” ak “ou” kòrèkteman
• Li pa pale klè
San ladrès fondamantal sa yo anpil timoun vin pi an reta toujou lè y ap grandi. Reta nan devlopman kab rive nan yon domèn oubyen plizyè domèn e sa kab yon bagay ki pa twò enpòtan oubyen yon bagay ki grav. Timoun nan kapab gen reta nan domèn sa yo: li kab gen pwoblèm pale oubyen pran lapawòl an jeneral, li kab trè maladwa nan abilite fizik li (tankou rale, mache, sote), li kab manke ladrès nan abilite fizik tankou (boutonnen chemiz li oubyen sèvi ak yon kiyè), epi familiyarize l ak lòt moun (tankou fè zanmi oubyen suiv règleman). Men sa ki bon nouvèl la: Gras ak sipò paran jwenn nan entèvansyon atan, anpil timoun kapab rive nan menm etap timoun parèy yo ye. [2]
Ki sa entèvansyon ki fèt bonè ye?
Entèvansyon ki fèt bonè se yon seri sèvis ki fèt pou ede timoun piti ki gen nesesite espesyal nan etap devlopman yo ta dwe ye a. Pi fò nan sèvis sa yo se bagay yo bay gratis; sepandan, anpil fanmi pa konn si pitit yo bezwen sèvis sa yo ou pa. Yo konn si pitit yo a elijib pou sèvis sa yo tou. An reyalite, 13% nan timoun ki fèk fèt rive twazan gen yon dezabilite ki fè yo kalifye pou entèvansyon bonè, men se yon minorite ki rive jwenn sèvis sa yo.
Ki kote yon moun kab ale pou l jwenn èd?
Sèvis entèvansyon bonè yon evalyasyon gratis Broward County se bagay ki disponib nan diferan ajans selon laj timoun nan. Evalyasyon pou premye eta yo (nan kad Sant pou Tretman ak Analiz pou Timoun bay sipò pou timoun depi yo fèk fèt jiskake yo gen twazan. Apre faz sa a timoun nan kab ale nan Child Find ki evalye timoun epi ofri sèvis pou timoun atravè Sistèm Analiz ak Resous pou Timoun Aprann nan Eta Florid la (FDLRS), ki fè pati Lekòl Leta Broward County yo. Depi yo fin evalye yon timoun epi yo dekouvri li gen reta nan devlopman l, yo gen dwa pou yo jwenn sèvis sa yo tankou terapi okipasyonèl, terapi fizik, terapi pou pale epi pou kesyon lang daprè sa ekip ki ap fè evalyasyon an wè ki dwe fèt. Ekip pwofesyonèl sa yo travay kòtakòt ak fanmi pou yo kab ede yo mete timoun yo a nan etap devlopman li ta dwe ye a.
“Mwen ap travay ak timoun epi ak fanmi yo. Ki sa mwen kapab fè?”
Nenpòt moun kapab voye yo kot espesyalis pou sèvis pwogram entèvansyon bonè yo! Anpil moun panse se wòl doktè pou tcheke si timoun nan nan etap devlopman li ta dwe ye a, men gen anpil timoun yo mennen kay doktè sèlman yon fwa pa ane. Gen de paran ki pa menm kab peye yon konsiltasyon doktè pou pitit yo. Kidonk sa nesesè pou moun nan kominote a ki ap travay ak timoun e ki konnen diferan etap devlopman yo e ki konprann wòl yo nan enfòme fanmi ki kalite sèvis ki disponib pou yo. Ak sa yo kab refere timoun sa yo pou evalyasyon etap devlopman yo selon nesesite timoun sa yo genyen. Si moun k ap travay nan domèn sèvis sosyal yo ta kab kwoke pankat, pase bwochi, epi bay kote k ap okipe timoun feyè; yo kab fè sa tou nan gadri, nan sant kominotè, nan bibliyotèk epi nan legliz. Sa se bagay ki ede fanmi yo jwenn enfòmasyon sou kesyon etap devlopman timoun nan ak resous ki disponib ki pou ede yo ak sa. Lè gen staf ki la pou reponn kesyon epi ede voye moun al wè espesyalis si yon pwoblèm ta rive se yon bagay k ap fasilite posesis la pou fanmi yo epi ki ap pèmèt yo mete timoun nan sou wout bon rezilta.
Referans:
[1] Sant pou Kontwòl Maladi ak Prevansyon (CDC). (2016). Gwo pa nan etap devlopman. Atlanta, GA: Divizyon Defo nan Nesans, Sant Nasyonal pou Defo nan Nesans ak Dezabilite nan Devlopman, Sant pou Kontwòl Maladi ak Prevansyon. Yo jwen ransèyman sa yo sou sit sa a: //www.cdc.gov/ncbddd/actearly/milestones
[2] Goode, Diefendorf, & Colgan. (2011). The importance of early intervention for infants and toddlers with disabilities and their families. Washington, DC: Sant pou Timoun Piti pou Asistans Teknik (NACTAC). Yo jwen ransèyman sa yo sou sit sa a: http://www.nectac.org/~pdfs/pubs/importanceofearlyintervention.pdf