Doktè Eric Nach, Ph.D., M.Ed., Sètifye an A.S.D.
Travèse sot lekòl primè al nan Lekòl Klas Mwayèn se yon etap enpòtan pou tout timoun ak paran yo. Pou timoun ki gen maladi Otis, pwoblèm pa ka konsantre pa ka ret trankil (ADHD), ak lòt “ladrès espesyal”, chanjman sa a se yon chanjman ki dramatik nan lavi yo e li pi twomatizan pou yo pase pou lòt timoun parèy yo ki pa gen otis. Piske lavi a chaje ak difikilte moun pa ka prevwa, afè pa ka prevwa sa ki pral rive nan rapò toulejou timoun sa yo ak lòt moun, se yon bagay ki difisil anpil sitou pou timoun sa yo; e sa pote menm valè difikilte pou fanmi timoun sa yo tou. Nou kapab planifye e prepare tèt nou pou chanjman al nan Lekòl Klas Mwayèn a, men esperyans montre pa gen okenn garanti lè moun ann afè ak reyalite lavi a.
Paran ak elèv gen pou yo wè sa elèv ak pwofesè Lekòl Klas Mwayèn ap atann de yo diferan anpil e yo pi egzijan de sa yo te konn wè nan pwofesè ak elèv lekòl primè. Nan esperyans pa nou, lè yo ede timoun ak paran travèse vin nan mòd vi lekòl segondè a, gen anpil bagay ki kab pote kole nan reyisit ak kè kontan elèv la paske entansite ak enpak chanjman an diferan pou chak timoun ki gen otis, pwoblèm pa ka konsantre pa ka ret trankil (ADHD), ak lòt “ladrès espesyal” avèk jan fanmi prepare tèt yo pou yo kòlte ak pwoblèm sa yo.
Premye bi pwofesè Lekòl Klas Mwayèn a se ede tout elèv devlope ladrès yo bezwen pou yo reyisi nan Lekòl Klas Mwayèn ak lekòl segondè e pi devan toujou. Pwofesè Lekòl Klas Mwayèn vle tout elèv kapab fonksyone yon jan kote yo pi endepandan pase jan yo te ye nan lekòl primè. Nou remake pwofesè ki plis ka reyisi ede “pitit nou” travèse antre nan Lekòl Klas Mwayèn, se pwofesè k konprann prèske tout elèv 6yèm ane kontinye fonksyone nan nivo 5yèm ane oubyen nan yon nivo lekòl primè ki pi ba sou plan emosyonèl, sou plan sosyal, sou plan konpòtman e pafwa sou plan akademik. Pitit nou ki gen otis, pwoblèm pa ka konsantre pa ka ret trankil (ADHD), ak lòt “ladrès espesyal” gen tandans pou yo gen plis varyasyon nan afè matirite sosyal ak matirite emosyonèl, pandan anpil nan yo fè gran pwogrè lekòl. Pi fò nan “timoun nou yo” bezwen enstriksyon dirèk sou ki jan pou yo fonksyone nan yon Lekòl Klas Mwayèn akoz pwoblèm “pèsepsyon” ak difikilte ki mache ak “Teyori sou Panse Moun” (sètadi konprann lide ak pèsepsyon lòt moun). Men kèk ladrès yo bezwen devlope: òganizasyon (kòm kounye a yo pral gen 6 ou plis kou endepandan), pale pou tèt pa yo (jan pou yo rive regle sa yo bezwen), viv ak timoun parèy yo (leplisouvan timoun ki grandi ansanm avèk yo epi ki te nan menm kou ak yo pa avèk yo ankò) epi suiv nouvo orè. Lè yon timoun vin antre nan yon sistèm plizyè kou nan yon pi gran lekòl epi kote ki gen plis timoun ak pwofesè, sa mande anpil planifikasyon, anpil devosyon, ak anpil efò nan men tout moun ki konsène, kit se: paran, pwofesè, administratè, anplwaye ki la pou ede, espesyalis, epi timoun yo yomenm. Nan lekòl segondè, pwofesè yo plis kanpe sou matyè yo anseye a, yo plis konsantre sou fè elèv yo aprann matyè a nan chak kou pou ede elèv yo metrize sijè yo, pandan elèv yo oblije ap adapte ak menm koze tranzisyon avèk elèv e pwofesè Lekòl Klas Mwayèn yo.
Pwofesè lekòl primè kapab pase pi plis tan ak elèv yo epi yo kapab chache konn ki jan yo aprann, konn ki konpòtman yo genyen an patikilye. Anpil nan pitit nou ki gen otis, pwoblèm pa ka konsantre pa ka ret trankil (ADHD), ak lòt “ladrès espesyal” se timoun k aprann gras ak sa yo wè epi yo avanse plis lè yo ba yo chans pou yo fè pratik ak sa lòd sanble nan yon kad byen detèmine tankou yon sal klas. Yo bezwen moun montre yo kouman pou yo sèvi ak materyèl yo. Lepli souvan moun rele valiz lekòl timoun sa yo “gwo twou nwa a” paske anpil fwa devwa yo ak lòt founiti konn disparèt san pèsonn pa konnen. Leplisouvan sa konn fèt akoz difikilte anpil elèv Lekòl Klas Mwayèn genyen pou yo fonksyone nan yon sèten nivo. Nòmalman, kesyon manke fonksyònman pou egzekite sèten travay la (mank lòd, planifikasyon, ak suivi) se bagay ki pi deranje “pitit nou” paske sa aji sou tout aspè nan lavi yo. Yo bezwen aprann kouman pou yo soti nan yon klas ale nan yon lòt, kouman pou yo konpòte yo nan kantin nan, epi kouman pou yo antre sòti lekòl la, kouman pou yo byen konpòte yo nan twalèt yo, epi kouman pou yo pran otobis, aji nan otobis, ouswa kouman pou y al nan liy kote paran yo ap vin chache yo a; sa pou yo fè avan lekòl kòmanse epi lè lekòl fini epi kouman pou yo reyisi nan tou aspè lekòl la, e nan kesyon egzèsis ak espò tou.
Pitit nou ki gen “ladrès espesyal” pwofite plis nan sitiyasyon “lavi reyèl” pou yo kapab pratike jan yo dwe ajiste nan kad Lekòl Klas Mwayèn pou yo kapab reyisi. Yo oblije itilize anpil ladrès sosyal ak ladrès akademik pou yo kab pran kontak ak timoun parèy yo, ak pwofesè epi ak lòt moun ki merite aprann gras ak kontak dirèk. Men lòt ladrès yo dwe devlope ankò: konnen ki sa yon devwa ki fin fèt nèt sanble, ki sa pran nòt sanble, e ki sa yon devwa nan klas sanble; jan pou yo pale pou tèt pa yo tou, epi kouman pou yo etidye ak kouman pou yo pran egzamen byen.
Bon jan preparasyon ak bon jan suivi kapab fè yon gwo diferans ant yon bon jan ak yon move tranzisyon sot nan lekòl primè al nan Lekòl Klas Mwayèn. Se depi kounye a pou nou asire nou ni paran ni elèv gen yon plan pou tranzisyon an.
Eric Nach, Ph.D., se yon Espesyalis nan Konpòtman ak Devlopman Mantal e li se Prezidan “Support for Students Growth Center” Boca Raton. Nan sant yo a, Doktè Nach ak ekip pwofesyonèl li yo founi sèvis sosiyal, konpòtman mantal, ak pèfòmans akademik pou timoun, ti jennjan ti jennfi, jèn moun, ak fanmi yo.
www.SupportForStudentsGrowthCenter.comwww.SupportForStudentsGrowthCenter.com